AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

LIPOFU: Kalandriye dezyèm jounen an sòti

imaj atik la

20 novanm 2025   Steve Pierre   405

Aprè yon premye jounen ki te chaje ak gòl epi sipriz, Ligue Port-au-Princienne de Futsal la anonse ofisyèlman pwogram 2èm jounen Operasyon Futsal 2026 la pou sezon 2025-2026 la. Tout aksyon sa yo pral dewoule samdi 22 Novanm 2025 k ap vini la, nan Gymnasium Ayiti Cheri a, kote kat (4) gwo rankont ap detèmine ki ekip ki pral pran tèt klasman an.


Jounen an ap kòmanse ak gwo chòk depi 2è aprèmidi, kote AFC DELMAS pral kwaze ak ADJ FC. De (2) ekip sa yo gen gwo anbisyon, yo pare pou y al chache twa (3) pwen yo pou yo kòmanse monte nan klasman an.

A 3è15, se tou pa BÈL EFÒ FC pou yo demontre fòs yo kont FLAMBEAU AC. Sa ap yon match ki pwomèt anpil emosyon, kote chak ekip pral lite di pou dominasyon sou teren an.

Toujou nan menm samdi 22 novanm lan, a 4è15, nou pral gen yon batay sere ant BWAKAYIMAN FC ak IZI TEAM. Sa a se yon rankont kote estrateji ak talan endividyèl ap jwe yon wòl kle.

Pou fini jounen an, SANTOS FCF pral fè fas ak FC 24, match sa ap jwe a 5è15. Sa ap yon bèl fason pou mete fen nan jounen an, ak de (2) ekip ki fè koze deja nan LIPOFU a epi ki pral bay tout yo menm pou pran viktwa a wikenn sa.

Tout match sa yo ap fèt nan Gymnasium Ayiti Cheri a nan Delmas 75. Fanatik yo envite pou yo vini an mas pou sipòte ekip yo epi viv ansanm bèl moman espòtif sa yo. Pa rate okenn nan rankont sa yo. Ann wè ki ekip ki pral briye nan dezyèm jounen Operasyon Futsal 2026 la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou