Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Lig Ayisyèn Foutbòl la (LHF) pibliye jodi a yon kominike ijan kote li anonse yon seri match ki p ap jwe nan pwogram chanpyona a. Desizyon sa a vini akoz gwo pwoblèm ensekirite k ap ravaje peyi a, ki mete an danje deplasman ofisyèl ekip yo.
Daprè direksyon konpetisyon an, LHF la pa ka asire vwayaj pou ekip yo ki dwe pase ant vil Senmak ak Gonayiv. Sa fè plizyè gwo rankont oblije chanje dat.
Twa (3) nan kat (4) match ki te pwograme nan gwoup Nò a, oblije pa jwe e pwograme pou yon lòt dat LHF la ap fè konnen pita. Match sa yo se:
• Baltimore kont Real Hope
• Ouanaminthe kont Tempête
• ASC kont Cosmopolites
Malgre sa, gen yon sèl match LHF deside kenbe, li anonse l ap jwe jan li te pwograme a. Sa se rankont ant: Racing Club FC kont FICA, k ap jwe demen dimanch k ap 23 novanm 2025 lan, nan lè 3zè nan aprèmidi, nan Parc Saint-Victor des Gonaïves la.
Direksyon Konpetisyon LHF la remèsye tout aktè yo pou konpreyansyon ak kolaborasyon yo devan sitiyasyon difisil sa a. Sa montre yon fwa ankò kijan ensekirite kontinye ap mete anba kòd tout aktivite nan peyi a, menm espò a ki te sipoze yon mwayen pou bay moun kè kontan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou