AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Kiyès Danley Jean Jacques ye, youn nan jwè ki ede Ayiti rive nan mondyal 2026 la

imaj atik la

19 novanm 2025   Benswilkenson Jean   905

Danley Jean Jacques, mitan tèren seleksyon nasyonal ayisyèn lan fèt nan dat 20 me 2025 nan vil Tigwav. Li ap jwe nan klèb Philadelphia Union lan nan peyi blan meriken.


Manman Danley Jean Jacques se yon ginayèz, li pote non Nadège Saint-Maximin. Non papa Danley pa janm mansyone piblikman paske li pa t gen yon bon koneksyon ak li akoz travay li. Danley Jean Jacques leve nan vil Tigwav, nan yon kay ki te gen 8 moun ladan l (manman l, frè l, matant li ak kouzin li).

Ansyen mitan tèren klèb fransè Metz la ta pral fè konesans ak foutbòl depi nan lari site Fosten Soulouk la. Li te konn souvan jwe ak moun ki pi gran pase l.

Depi nan laj 13 lane Danley te gentan antre nan fòmasyon pou jwèt foutbòl la ak yon ekip nan vil Tigwav. Nan menm epòk sa seleksyon an te gentan seleksyone l pou kategori jèn yo. A 16 lane natif Tigwav la pral rejwenn Don Bosco yon klèb nan kapital la. Nan klèb sila a li pase 4 sezon ladann.

Danley te kontinye ap rapouswiv rèv li. Li pase nan plizyè kategori nan seleksyon nasyonal la tankou U20, U21, U23 jouk li rive nan gran seleksyon an.

Nan dat 25 mas 2023 Jean Jacques pral seleksyone pou premye fwa ak gran seleksyon nasyonal la. Nan dat sa li te fè premye viktwa l ak seleksyon an 4-0 sou Monsera nan Ligues des Nations an.

Danley jwe 26 fwa ak seleksyon an deja e li make 6 gòl. Premye fwa li t ap make gòl pou seleksyon an se nan defèt Ayiti kont Meksik nan Gold Cup 2023 a. Grenadye a kontinye fòje rèv li jouk li vin tounen yon pyès metrès anndan seleksyon an.

Danley Jean Jacques se youn nan gwo poto mitan kalifikasyon seleksyon nasyonal ayisyèn lan pou dezyèm patisipasyon l nan yon Koup Dimond nan tout listwa l.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou