AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Kéthna Louis retounen sou tèren ak Montpellier HSC après plizyè mwa absans

imaj atik la Kredi Foto: @Kéthna Louis

22 Avril 2026   Jacky Chéry   1097

Aprè plizyè mwa li te pase lwen tèren yo akoz yon blese, Kethna Louis fè gran retou li ak Montpellier Hérault SC jodi mèkredi an nan match ekip li a te jwe kont Paris FC nan Arkema Première Ligue lan.


Defansè ayisyèn lan pa t jwe depi mwa janvye pase an, yon peryòd difisil ki te mete l deyò konpetisyon yo pandan plizyè mwa. Yon retou ki se yon trè bon nouvèl pou Montpellier HSC k ap batay pou pa desann nan dezyèm divizyon, men tou pou seleksyon nasyonal lan ki kapab rekòmanse konte sou youn nan jwè enpòtan li yo nan defans lan.

Kéthna Louis te kòmanse match la kòm titilè epi li te pase 60 minit sou tèren an anvan li te sòti. Menmsi Montpellier pèdi match la 2-0, retou sa a rete yon siy ankourajan pou jwez la ki ap reprann rit li piti piti aprè peryòd konvalesans sa.

Retou Kéthna Louis an vini nan yon moman enpòtan e li bay anpil espwa pou rès sezon an, pandan l ap prepare tou pou pwochen randevou yo ak ekip nasyonal la k ap gen pou jwe pwobableman 2 match zanmitay nan mwa jen k ap vini la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou