Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Salcedo FC reyalize yon gwo eksplwa nan foutbòl dominiken an aprè li vin sakre chanpyon sezon 2025-2026 Lig Dominikèn nan ayè. Nan mitan gwo viktwa istorik sa a, de (2) ayisyen te jwe yon wòl enpòtan anpil : atakan an, Jamesley Daniel, ansanm ak defansè ayisyen an Wilson Chery.
Salcedo FC, ki t ap jwe premye sezon li kòm klèb pwofesyonèl, rive ekri yon bèl paj nan listwa l aprè li metrize gwo fòs Cibao FC a nan final chanpyona a sou yon total (3-2) aprè de (2) match.
Nan premye rankont lan ki te jwe nan Estadio Domingo Polonia, jou ki te 17 me 2026 la, Salcedo FC te pran yon gwo avantaj (2-0). Se grenadye ayisyen an Jamesley Daniel ki te louvri mak la nan 45èm minit la anvan Estiel Reyes te ajoute dezyèm gòl la nan 69èm minit.
Nan match retou a ki te jwe nan estad PUCMM nan Santiago, Cibao FC te antre ak anpil presyon pou eseye remonte reta a. Malgre dominasyon ekip lokal la, gadyen Odalis Báez te fè plizyè gwo entèvansyon pou kenbe avantaj Salcedo FC a pandan premye mitan an.
Nan dezyèm peryòd la, ekip Cibao FC a te ogmante entansite li epi Javier Roces te redui mak la nan 76èm minit. Aprè sa, Rivaldo Correa te fè (2-0) nan 88èm minit, yon rezilta ki te sanble pral voye final la nan pwolongasyon.
Men pandan fanatik Cibao yo t ap deja reve yon lòt kouwòn, Daniel Flores te parèt kòm ewo match la lè li make gòl desizif la pou Salcedo FC. Li te vin mete match foutbòl la (2-1) an favè Cibao. Gòl sa a te bay Salcedo avantaj total (3-2) sou de (2) match yo epi fè estad la tonbe nan silans.
Malgre uit minit tan adisyonèl abit Randy Encarnación te ajoute, Salcedo FC te kenbe tèt li jouk kout siflè final la pou sele yon premye tit istorik nan foutbòl pwofesyonèl dominiken an.
Atakan ayisyen Jamesley Daniel fini sezon an avèk 25 gòl, yon pèfòmans tèt chaje ki te fè li youn nan gwo atizan tit la. Pandan tan sa, Wilson Chery te pote anpil solidite nan liy defans ekip chanpyon an.
Avèk tit sa a, Salcedo FC valide tou tikè li pou patisipe nan CONCACAF Caribbean Cup, yon nouvo etap enpòtan pou klèb la ki deja ap make listwa nan premye sezon pwofesyonèl li.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou