AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Odsonne refize pran plas lòt moun, Donald te vle retounen pou glwa pèsonèl

imaj atik la

25 me 2026   Steve Pierre   266

Pandan kèk jwè ap mete enterè kolektif la devan, gen lòt ki sanble plis ap chèche ajoute yon nouvo liy nan palmarès pèsonèl yo. Se egzakteman kesyon sa a ki leve aprè deklarasyon atakan franko-ayisyen an Odsonne Édouard ak ansyen entènasyonal ayisyen an Wilde-Donald Guerrier.


Aprè li te finn ranpòte Koup de Frans lan ak RC Lens, Odsonne Édouard te fè yon deklarasyon ki te fè anpil moun sezi. Nan mikwo France Football, li te eksplike li pa t santi li “lejitim” pou al jwe Koup Dimond lan ak Ayiti paske se lòt jwè ki te batay pandan eliminatwa yo pou kalifye ekip la. Li te menm ajoute li pa t vle rive nan dènye minit pou pran plas moun ki te sakrifye yo pou ekip la.

Menmsi kèk moun ka doute sou deklarasyon sa a. Anpil obsèvatè avanse tèz si se Lafrans ki te rele l, li ta prale menm si li pa t jwe eliminatwa yo. Men malgre pawòl sa yo, n ap kenbe: olye li chèche pwofite moman an, li mete respè pou gwoup la epi pase yon trè sou enterè pèsonèl li.

Nan lòt bò a, dosye Donald Guerrier a bay yon enpresyon totalman diferan. Nan mwa me 2024, natif Pòtapiman an te pibliye yon mesaj sou rezo sosyal li yo ki te sanble ak yon mesaj orevwa ak seleksyon an. Li te ekri : « Se te yon gwo vwayaj ak anpil fyète ». Nan epòk la, plizyè medya ayisyen te entèprete mesaj sa a tankou fen listwa li ak Grenadye yo, epi Donald pa t janm pran tan pou demanti sa piblikman.

Men lè seleksyon ayisyen an te kòmanse pwoche bò kalifikasyon pou Koup Dimond lan nan mwa oktòb la, Donald Guerrier te manifeste anvi li pou retounen nan ekip la. Pou anpil moun, mouvman sa a te plis sanble yon tantativ pou ajoute “Mondyal ” nan lis konpetisyon li deja jwe yo olye yon vrè pwojè pou ede kolektif la.

Pandan plizyè mwa, Donald te plis okipe nan fè pwopagann, atire atansyon sou li, pataje lyen match ekip li a sou rezo sosyal yo, yon klèb ki ap evolye nan bafon twazyèm divizyon foutbòl polonè a.

Finalman, lè lis 26 jwè yo te sòti nan mwa me a, Donald Guerrier pa t fè pati seleksyon an. Yon desizyon ki pa t vrèman fè anpil moun sezi, sitou lè yo konsidere nivo aktyèl li ak kesyon sou motivasyon li pou retounen nan ekip la.

Konparezon ant de dosye sa yo montre diferans ant de mantalite. Odsonne Édouard, malgre li gen kapasite pou l te tou vini ak estati titilè, di li pa vle pran plas lòt moun san merit. Men, Donald Guerrier te bay enpresyon li te plis ap chèche lonje pwòp lis pèsonèl li san li pa reflechi sou balans ak enterè kolektif ekip la.

Nan foutbòl modèn nan, se pa sèlman non oswa eksperyans ki konte, men respè pou gwoup la ak sakrifis moun ki te goumen depi premye jou yo tout ladann.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou