Kredi Foto: @RC Lens
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Nan mikwo plizyè jounalis, atakan RC Lens lan, Odsonne Édouard, fè konnen jodi vandredi an li pa rejwenn seleksyon nasyonal ayisyèn lan nan moman sa paske l pa twouve li lejitim pou jwe Koup Dimond lan avèk Ayiti.
Aprè viktwa San ak Lò yo 3-1 nan final Coupe de France fas OGC Nice jodi vandredi an, atakan 28 lane an fè konnen jwè Ayisyen yo te batay anpil pou kalifikasyon sa e li pa nòmal pou l te parèt nan dènye minit epi vin pwofite.
Deklarasyon sa vini aprè anpil pawòl anpil t ap fèt sou absans li nan lis Grenadye yo akoz anpil fanatik kwè se paske l t ap tann Lafrans kifè l refize jwe Mondyal lan avèk Ayiti.
N ap raple, nan yon entèvyou avèk Youn nan medya fransè an, Odsonne Édouard te klèman pale de anbisyon li ki se te rejwenn ekip nasyonal Lafrans lan ki pou li menm se te swit lojik lan akoz eksperyans li nan ekip jèn Ble yo.
Deklarasyon atakan fransè orijin ayisyèn lan vin fè an la mete limyè sou sa k t ap di yo epi kontinye kite pòt lan louvri pou jwè an si toutfwa l ta deside rejwenn Grenadye yo pou echeyans k ap vini yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou