AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Plizyè nouvo ranfò anonse nan ekip fanm Ayiti a pou rasanbleman mwa jen an

imaj atik la Kredi Foto: @Fédération haïtienne de football (FHF)

23 Me 2026   Jacky Chéry   1738

Nan lide pou kapab ranfòse seleksyon ayisyèn fanm nan, Federasyon an sou wout pou akeyi omwen twa nouvo jwez nan ekip nasyonal lan pou rasanbleman mwa jen an.


Nan yon entèvyou avèk Caleb Jephté Pierre, kwòdonatè teknik FHF lan, Carlo Marcelin, anonse posiblite ki genyen pou plizyè jwez k ap evolye an Ewòp ta kapab rejwenn seleksyon nasyonal la pou rasanbleman sa k ap gen pou fèt lan kote Ayiti ap gen pou jwe 2 match zanmitay.

San l pa t site non, enfòmasyon ki disponib yo fè konnen jwez ki kapab vini yo se Danique Ypéma, Chelsea Audrey François epi Amélie Joseph. Twa jwez sa yo k ap jwe respektivman an Ekòs, nan peyi Kanada ak an Frans, ta sipoze rejwenn rès jwez ki deja abitye yo.

Danique Ypéma k ap jwe nan Heart FC nan chanpyona premye divizyon ekosè an pral kapab pote eksperyans li nan defans ekip nasyonal lan. Se yon jwez Federasyon ayisyèn foutbòl t ap file depi plizyè lane, men ki pa t janm kapab fini avèk pwosesis lan pou l te kapab rejwenn Grenadye yo.

Konsènan Chelsea Audrey François ak Amélie Joseph, Chelsea se yon jwez k ap evolye nan Super League kanadyen an avèk Vancouver epi Amélie Joseph bò kote pa l ap jwe sou koulè FC Metz nan Seconde Ligue lan depi sezon pase aprè l te fin pase nan sant fòmasyon Paris Saint-Germain an.

N ap raple, Ayiti ap gen pou jwe nan dat 5 ak 8 jen k ap vini la kont Nouvèl Zelann ak Gine Ekwatoryal nan match zanmitay k ap fèt Malaga nan peyi Espay.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou