Kredi Foto: @Fédération haïtienne de football (FHF)
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Prezidan Federasyon entènasyonal foutbòl asosyasyon an, Gianni Infantino, ta renmen wè Koup Dimond lan vin gen 64 ekip nan lane k ap vini yo. Daprè enfòmasyon medya espanyòl AS pataje, lide sa deja sou tab diskisyon an pandan FIFA ap chèche elaji konpetisyon an pou plis peyi ka jwenn chans patisipe.
Pou kounya, edisyon 2026 la ap fèt ak 48 ekip, yon nouvo fòma ki deja reprezante yon gwo chanjman nan listwa foutbòl Mondyal la. Toutfwa, sa pa sanble sifi pou dirijan FIFA yo ki vle louvri pòt la pou plis nasyon ki toujou gen difikilte pou kalifye yo kapab viv eksperyans sa.
Toujou daprè AS, objektif prensipal pwojè sa se bay plis patisipan nan pi gwo konpetisyon foutbòl ki egziste nan mond lan. Sa ta ka ede tou plis seleksyon ki pa abitye patisipe nan yon faz final Koup Dimond jwenn vizibilite, pran eksperyans epi ede nan devlopman yo sou plan foutbòl.
Kèk federasyon tankou CONMEBOL ta deja mande FIFA sa depi kèk mwa pou ogmante kantite ekip yo. Daprè yo menm, sa kapab pote nouvo ekip, nouvo listwa ak plis enterè atravè mond lan.
Malgre tout diskisyon sa yo, jiskaprezan se lide an ki la sou kesyon fè Mondyal lan pase a 64 ekip lan. Edisyon 2030 lan toujou prevwa fèt ak 48 ekip, men FIFA kapab chanje sa nenpòt lè si toutfwa lide sa ta jwenn plis sipò. Daprè medya AS, gen anpil etap ki rete pou franchi avan yon desizyon final ta kapab pran.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou