Kredi Foto: @Danny Picture
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Jodi dimanch 24 me an te genyen dènye jounen Seconde Ligue lan kote Stade de Reims ki gen nan efektif li defansè entènasyonal ayisyèn Jasmine Vilgrain reyisi kenbe plas li nan chanpyona a pou sezon k ap vini an.
Nan okazyon 22èm e dènye jounen chanpyona fanm dezyèm divizyon Lafrans lan, Stade de Reims fè yon viktwa desizif 3-1 kont Lille OSC epi asire plas li pou pwochen sezon Seconde Ligue lan.
Avèk Jasmine Vilgrain ki te titilè nan ban defans lan, Stade de Reims ki te gen desten l nan men l avan jounen sa fè yon bèl operasyon lakay li, nan estad Louis Blériot an, pou te kapab konsolide pozisyon l nan Seconde Ligue lan.
Gras avèk detèminasyon ekip sa ki pa t lage bay depi kòmansman sezon an, Stade de Reims ki te desann nan dezyèm divizyon sezon pase reyisi kenbe plas li nan Seconde Ligue lan, annatandan ekip lan reprann li pou retounen nan pi wo nivo foutbòl fransè an.
N ap note, Jasmine Vilgrain te yon eleman enpòtan nan dispozitif Stade de Reims lan kote l te toujou titilè nan defans Remwaz lan, swa kòm defansè santral oubyen lateral goch. Nou kapab di se youn nan jwez ayisyèn ki te pi regilye sou sezon an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou