Kredi Foto: @Fédération haïtienne de football (FHF)
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Nan peyi Laswis, prensipalman nan Zirik, responsab FIFA yo òganize jodi jedi 21 me an tiraj osò pou Mondyal U-17 gason 2026 lan. Ayiti pral gen pou jwe nan gwoup D avèk Lafrans, Arabi Sawoudit epi Irigwe.
Aprè patisipasyon ane pase an, Ayiti pral retounen nan yon faz final Koup Dimond U-17, avèk nouvo fòma sa kote jèn yo pral gen pou montre talan yo nan lakou Kata pandan fen lane an.
Pou 4èm patisipasyon Ayiti nan konpetisyon an, Grenadye yo pral gen pou jwe kont advèsè sa yo epi espere fè mye parapò ak edisyon ane pase an.
Daprè Federasyon ayisyèn foutbòl, Seleksyonè Grenadye yo, Kowsky Sainvil, di li satisfè ak tiraj la epi rete kwè avèk yon bon pwogram preparasyon ekip la kapab kreye sipriz, pase pou 2èm tou a e menm rive lwen nan konpetisyon an.
N ap note, Ayiti kont Lafrans nan konpetisyon an se pral yon retwouvay avèk deja 2 match yo deja jwe nan kategori sa sou 3 premye patisipasyon Grenadye yo nan faz final Koup Dimond U-17 gason. Nou p ap bliye match 2007 lan ki te fini 1-1 epi defèt nan lane 2019 lan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou