Kredi Foto: @Wilson Isidor
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Sunderland AFC reyisi premye sezon li nan Premier League lan aprè retou l. Nan okazyon dènye jounen chanpyona pou sezon 2026-2027 lan, klèb anglè a pran plas li pou Europa League k ap gen pou jwe sezon k ap vini an.
Fas Chelsea ki se youn nan tenò yo nan chanpyona a, Sunderland AFC fè yon viktwa desizif (2-1) jodi dimanch lan ki pèmèt li fini nan 7èm plas Premier League lan, sa k ap pèmèt li jwe Europa League sezon k ap vini an.
Avèk Wilson Isidor ki te rantre nan dezyèm mitan an (61’), Sunderland AFC rive kote jeneralman yo pa atann yon ekip ki fenk monte nan premye divizyon. Atakan entènasyonal ayisyen an, menmsi l pa t gen yon plas titilè pandan dezyèm mwatye sezon an, pral kapab jwe konpetisyon ewopeyèn sezon k ap vini an.
Kalifikasyon sa vini aprè yon bèl seri 4 match san defèt pandan fen sezon an ki pèmèt Sunderland AFC pase devan ekip tankou Chelsea ki p ap jwe pyès konpetisyon ewopeyèn sezon k ap vini an.
N ap note, pou sezon sa nan Premier League lan, Wilson Isidor jwe 32 match, ladan yo 11 kòm titilè kote l make 6 gòl. Atakan 25 lane an pral gen pou rejwenn seleksyon ayisyèn lan nan yon rasanbleman nan peyi Etazini k ap tou sèvi pou prepare Koup Dimond 2026 lan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou