AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Josué Casimir ak AJ Auxerre asire plas yo nan Ligue 1 an pou sezon k ap vini an

imaj atik la Kredi Foto: @Josué Casimir

24 Me 2026   Jacky Chéry   1234

Nan okazyon dènye jounen chanpyona Lafrans lan, atakan entènasyonal ayisyen an, Josué Casimir, ansanm ak AJ Auxerre valide biyè yo pou Ligue 1 an sezon k ap vini la aprè viktwa yo jodi dimanch lan 2-0 kont Lille OSC.


Grenadye an ki pa t titilè pandan rankont lan, jwe pratikman 15 dènye minit yo nan rankont sa ki te desizif anpil pou ekip AJ Auxerre lan ki finalman sòti nan zòn wouj lan epi asire plas li pou pwochen sezon Ligue 1 an.

Josué Casimir ki prezan nan lis 26 Grenadye ki konvoke pou Mondyal 2026 lan te rantre nan 72èm minit nan match sa ki te jwe lakay Lille OSC nan estad Pierre Mauroy lan.

Avèk AJ Auxerre sezon sa, Josué Casimir patisipe nan 31 match nan Ligue 1 an, ladan yo 16 kòm titilè. Atakan ayisyen an se egalman yon grenn gòl pandan sezon an nan chanpyona fransè an.

N ap raple, Josué Casimir te jwe yon wòl enpòtan nan kalifikasyon istorik ekip nasyonal lan pou Mondyal 2026 lan, avèk prensipalman yon pas desizif nan viktwa Grenadye yo te fè 2-0 fas Nikaragwa nan dènye match eliminatwa a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou