AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

Levante UD anonse yon estaj pou evalye jèn pandan twa jou an Ayiti

imaj atik la Kredi Foto: @FC Ruben Haïti

29 Me 2026   Jacky Chéry   889

Nan kad yon patenarya k ap devlope ant akademi foutbòl FC Ruben Haïti ak klèb espanyòl Levante UD, genyen 3 jounen estaj k ap gen pou fèt an Ayiti, nan Pak Senklè Tiplas Kazo, sòti 27 pou rive 29 jiyè 2026.


Sou rezo sosyal yo, Levante UD ak FC Ruben Haïti anonse aktivite sa k ap gen pou fèt nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan kote responsab akademi klèb espanyòl lan pral gen pou evalye epi pataje konesans avèk jèn sa yo k ap gen pou patisipe an.

Daprè enfòmasyon ki pataje nan anons lan, kan idantifikasyon sa ap fèt pou kategori U-14, U-16 ak U-18 kote jiska 150 jèn ap gen pou sibi evalyasyon skout Levante UD yo pandan 3 jou yo. Responsab yo presize efektif lan se nan kad yon repatisyon 50 postilan pou chak kategori.

Toujou selon anons lan, patisipan yo ap gen pou bay yon frè patisipasyon 250 dola ameriken pou enskripsyon avan 25 jen. Si limit lan pase, nenpòt postilan ki swete enskri ap peye 300 dola jiska 3 jiyè ki se dat limit pou enskripsyon yo.

Jèn ki swete patisipe yo ap gen pou soumèt orijinal ak fotokopi batistè yo nan moman enskripsyon an, sa nou kapab wè nan lis kondisyon ki poze pou postilan yo kapab patisipe.

Pami avantaj patisipan yo ap genyen pandan kan idantifikasyon sa nou kapab site ekipman espò pou estaj lan, ti kado pou swete yo byenvini, sètifika patisipasyon epi posiblite pou Levante UD ta kapab rekrite pi bon talan yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Dènye atik yo

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou