AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

LIPOFU : Yon bèl kòmansman pou sezon 2025-2026 la

imaj atik la

17 novanm 2025   Steve Pierre   757

Premye jounen LIPOFU sezon 2025-2026 la dewoule samdi 15 novanm 2025 ki sot pase a nan jimnazyòm Ayiti Cheri, kote piblik la te asiste twa (3) match ki te bay anpil gòl ak anpil entansite.


AFC Delmas te louvri sezon an ak yon viktwa (5-4) sou Flambeau AC nan yon match ki te chaje ak aksyon depi premye minit yo. Ekip Delmas la te montre efikasite l nan moman kle yo, kote Dorsail Louvenson te make nan 6èm minit, St Jn Mike Forrest te reyalize yon double nan 16èm ak 17èm minit, epi Louis May Kennbe te fè diferans lan ak de (2) lòt gòl nan 26èm ak 33èm minit.

Flambeau AC pa t fasil ditou, yo te reponn ak gòl St Juste W. nan 10èm minit, Mathéus Thonny nan 27èm minit, Gilot Christopher nan 37èm, epi Charles Jhael nan 38èm minit, men sa pa t sifi pou anpeche defèt la. Louis May Kennbe te fè pi gwo pèfòmans match la, sa ki te ba li tit MVP match la.

Dezyèm rankont lan te kontinye pote chalè sou teren an, kote Shelcy FC te ranpòte yon viktwa sere (5-4) kont ADJ FC. Cherestal Anderson te make byen bonè nan 2èm minit epi li te ajoute yon lòt gòl nan 22èm minit. Dumijour Adams K.W. te fè menm bagay la ak yon double nan 14èm ak 24èm minit, pandan Villard Dario te ajoute yon senkyèm gòl nan 35èm minit.

ADJ FC te eseye retounen nan match la avèk gòl Étienne Dave nan 25èm minit, Sanon Anderson nan 28èm minit, epi yon double Dormelus James nan 37èm ak 38èm minit, men Shelcy FC te kenbe avantaj la. Toussaint Koutchev Dolph te sezi tit MVP a gras ak bon jan jwèt li te fè pou ekip li a.

Dènye match jounen an te fini san moun ki genyen, kote FC 24 ak FC Bel Efò te fè yon match nil (2-2). FC 24 te pran avantaj ak yon gòl Alcide Steeven nan 14èm minit epi Jn Pierre Woody te ajoute yon lòt nan 35èm minit. FC Bel Efò pa t lage, yo te egalize gras ak gòl Guillaume Wood P. nan 19èm minit ak Riche Adams nan 38èm minit. St Thomas Claude Val te bat tout atant pou l pran tit MVP match sa.

Jounen ouvèti LIPOFU 2025-2026 la bay anpil siy pozitif pou yon sezon ki pwomèt anpil gòl, anpil sispens, ak anpil rivalite ant ekip yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou