Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Twa jou aipre klèb America des Cayes la te anonse transfè orijinè fonfrèd la Woosberson Buteau di "Dantan" ki pran direksyon Don Bosco PV, klèb kayen an echwe nan dezyèm sòti chanpyona nasyonal ayisyen an fas Violette AC ki genyen yo (1-0) sou Parc Saint-Thérèse gras ak yon gwo gòl Elyvens Dejean make.

Nan yon pòs responsab kominikasyon klèb kayen an fè, li montre kontantman dirijan yo genyen paske yo te rive konkli akò ki pale sou transfè jèn atakan sa ki pral evolye nan kapital la. Anndan pòs sa, estaf la la salye fason respè mityèl ki te genyen pou jwenn antant sa.
Toujou nan menm pos sila, dirijan America yo rive swete tout sa ki bon pou ansyen atakan yo a ki pral kontinye rèv li anndan ekip Don Bosco Petyonvil la. E yo kontinye avanse pou fè santi regrè ki genyen paske yo oblije kite l ale. "Menmsi nou regrèt li ale, nou kontan wè li rejwenn yon lòt gwo klèb pou kontinye pakou a".
Yo fini pou di: " klèb la ap toujou rekonesan pou bèl moman sa yo ki make ekip la e yo p ap janm bliye moman li te fè yo santi vibrasyon yo. Nou swete l anpil siksè ".
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou