AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Chauvet fas ak reyalite a: ki moun ki kenbe vrè rekò gòl la nan yon sèl match nan D1 an?

imaj atik la

6 me 2026   Steve Pierre   1454

Nan dènye jou yo, yon deklarasyon ansyen atakan Don Bosco a, Isaac Chauvet, sou mikwo jounalis espòtif Patrice Dumond atravè platfòm AyiboSport la, relanse yon gwo deba nan foutbòl ayisyen an. Daprè Chauvet, li ta sèl jwè ki rive make 6 gòl nan yon sèl match nan chanpyona nasyonal premye divizyon an, nan yon match kont Exelsior. Pawòl sa yo te rapidman fè reyaksyon nan mitan fanatik, ansyen jwè ak obsèvatè espò yo.


Kesyon an pa t pran tan pou li ouvè yon pi gwo diskisyon sou listwa, achiv ak verite estatistik foutbòl ayisyen an. Plizyè eleman istorik montre gen lòt pèfòmans ki deja make chanpyona a, ki merite konsidere nan deba a.

Youn nan ka ki pi frapan yo remonte nan dat ki te 17 novanm 2007 la, lè Baltimore SC te kraze AS Grand-Goâve (10-0) nan yon match ki rete grave nan memwa chanpyona a.

Nan rankont sa a, Luxène Elestin, ki te gen ti non jwèt “Kayiman”, te fè yon pèfòmans tèt chaje lè li make 7 gòl pou kont li. Sa pa sèlman rete youn nan pi gwo viktwa klèb la, men tou youn nan pi gwo pèfòmans endividyèl ki janm anrejistre nan D1 ayisyen.

Jiska prezan, anpil obsèvatè konsidere match sa a kòm youn nan referans prensipal lè yo pale de rekò gòl nan yon sèl rankont.

Yon lòt non ki parèt nan diskisyon an se Germain Kens, yon atakan ki te make plizyè sezon chanpyona ayisyen an ak pèfòmans li yo.

11 desanm 2011, li make 6 gòl kont Racing FC nan yon match kote li te pran tout kontwòl atak la.

4 me 2014, li reyalize yon lòt gwo pèfòmans ak 5 gòl kont Racine Gros-Morne nan yon viktwa (8-1) America te fè lè sa.

Match 4 me 2014 la, ki te jwe nan Parc Mister Henry, rete youn nan moman ki pi dominan pou yon jwè endividyèl nan epòk sa a. Kens te montre yon efikasite ak yon dominasyon ki te fè match la tounen yon veritab demonstrasyon.


Malgre egzistans plizyè pèfòmans enpòtan, kesyon rekò ofisyèl la rete difisil pou kloure. Youn nan pi gwo pwoblèm yo se mank achiv konplè nan chanpyona ayisyen an.

Anpil match nan tan pase yo pa gen dokimantasyon detaye, sa kreye yon sitiyasyon kote verifikasyon istorik yo vin limite. Sa ouvè pòt pou konfizyon, diskisyon, pafwa deklarasyon ki difisil.
Deklarasyon Isaac Chauvet a vin tounen yon pwen depa pou yon deba pi laj sou istwa statistik foutbòl ayisyen an. Men, done ki disponib yo montre klèman li pa sèl jwè ki rive make 6 gòl nan yon match D1, gen menm pèfòmans ki depase sa.

Ka sa a mete an limyè yon reyalite enpòtan: san yon sistèm achiv serye ak òganize, listwa foutbòl ayisyen an ap toujou rete ouvè a dout, entèpretasyon ak konfizyon. Ranfòse dokimantasyon espò a vin yon nesesite pou prezève eritaj jwè yo ak klèb yo nan peyi a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou