Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Real Hope FA fè yon bèl operasyon ayè dimanch 16 novanm 2025 la nan pak Résigné, kote yo kale ekip Ouanaminthe FC an (2-1) nan kad 2èm jounen Lig Ayisyen Foutbòl la nan gwoup nò a. Match la te kòmanse trè vit, paske Jean Carlo te louvri eskò a pou Ouanaminthe depi nan 3èm minit, yon aksyon ki te mete presyon sou ekip ki t ap resevwa a.
Men aprè poz la, Real Hope leve nivo li. Atakan an, Clergé Ernst, egalize nan 65èm minit, yon gòl ki te relanse match la epi mete ekip la sou yon bon wout devan piblik yo. Epi, nan 73èm minit, defansè epi kapitènn ekip la, Peterson Pierre-Louis pran responsabilite l pou l konvèti yon penalite ki te bay klèb kapwa a viktwa.
Aprè yon match nil (0-0) nan premye jounen an kont Racing Gonaïves, Rinhocéros yo finalman jwenn premye viktwa yo pou sezon an. Rezilta sa a pèmèt yo pran tèt klasman gwoup nò a avèk 4 pwen, yon pozisyon ki mete presyon sou rival Okap yo pou kontinye batay la.
Pou twazyèm jounen an, Rinhocéros yo ap gen pou fè yon gwo deplasman pou al kwaze ak Baltimore SC nan vil Senmak wikenn k ap vini la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou