AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

LHF: Juventus des Cayes leve tèt li aprè yo te tonbe nan premye jounen an

imaj atik la

17 novanm 2025   Neuvième Junior   890

Aprè yon move antre nan konpetisyon an kote Juventus des Cayes te fin tonbe (2-0) kont Racing Club Haïtien nan premye jounen an, chanpyon an tit yo, Juventus leve tèt li (2-1) fas Don Bosco ki te fè deplasman, pou rankont ki make dezyèm jounen chanpyona nasyonal premye divizyon ayisyen an.


Aprè yon move antre nan konpetisyon an kote Juventus des Cayes te fin tonbe (2-0) kont Racing Club Haïtien nan premye jounen an, chanpyon an tit yo, Juventus leve tèt li (2-1) fas Don Bosco ki te fè deplasman, pou rankont ki make dezyèm jounen chanpyona nasyonal premye divizyon ayisyen an.

Avèk Ligue Haïtienne de Football kòm oganizatè, klèb kayen an montre fason yo gen karaktè nan chanje sitiyasyon rankont lan devan youn nan meyè klèb chanpyona a konnen. Nan yon match plen ak rebondisman, klèb Petyonvil la te lanse pati a nan 34èm minit swit ak yon bèl kout tèt Miralex Pierre te fè pou ouvèti eskò a. Gòl sa, te kreye yon dout lakay klèb kayen an ki te wè sèl fason pou rachte yo, se pran desten yo an men.

Ak diferans yon gòl nan tablo afichaj la, Juventus des Cayes kòmanse dezyèm peryòd la ak plis motivasyon pandan koyekipye Seïde yo te enplike yo nan jwèt la plis. Gras ak yon bèl aksyon kolektif ki te gen yon sant ki al fini nan pye milye tèren klèb Solo a, Peterson Seïde te bay egalizasyon an ak Juventus sou yon bèl chout anwoule ki al fini kous li nan dezyèm poto gadyen Don Bosco a 1-1 nan 56èm minit.

Swit avèk egalizasyon sa, ekip solo a te vin gen yon konfyans ki montre yo kapab fè viktwa fas ak klèb kapital la. Ak pèseverans, klèb lokal la jwenn gòl (2-1) ak Onelson Dorante nan 69èm minit pou te mete kayen yo devan e bay premye 3 pwen an ak Juventus ki fè premye siksè nan sezon an.

Pou yon defèt e yon viktwa nan 2 rankont yo jwe, Juventus des Cayes ap an deplasman dimanch 23 lakay Cavaly A.S pou kontinye defann tit chanpyon nasyonal yo te ranpòte sezon pase a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou