Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Aprè yon seri pèfòmans katastwofik nan dènye edisyon chanpyona nasyonal espesyal lan, AS Cavaly Léogâne ap reprann li tipa tipa. Ayè dimanch lan, yo genyen Racing Club Haïtien (1-0).
Nan dezyèm jounen Ligue haïtienne football lan, Cheval wouj yo fè yon bèl viktwa nan Parc Gerard Christophe lan kont Racing CH gras ak Yves Adlain Dorimain ki enskri grenn gòl sa.
AS Cavaly Léogâne, ki te fè match nil nan premye jounen an kont America des Cayes, fè premye viktwa li nan konpetisyon an epi mete fen nan yon long seri match san viktwa nan match ofisyèl.
Jwè David Clenord yo te bay tout nanm yo pou te kapab mete lajwa nan kè fanatik Cheval wouj yo ki t ap soufri depi yon bon bout tan. Aprè de premye jounen yo, Cavaly Léogâne genyen 4 pwen. Yon sezon ki kòmanse yon fason diferan parapò ak sezon pase an pou Site Anakawona a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou