AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Ayiti Jwenn Pas li pou Koup Dimond 2026 la

imaj atik la

18 novanm 2025   Steve Pierre   717

Se yon dat listwa, 18 Novanm 2025 ap make nan kalandriye a kòm jou Ayiti retounen sou sèn foutbòl Mondyal la. Aprè 52 lane depi premye ak sèl patisipasyon li an 1974, Seleksyon Nasyonal la pran tikè li pou l al reprezante peyi a nan Koup Dimond 2026 la, ki pral fèt Ozetazini, Meksik ak Kanada.


Ayiti te gen yon randevou ak desten l aswè a, nan jou sa a ki senbolize kouraj zansèt yo nan Batay Vètyè a. Anba yon presyon, Grenadye yo montre yo merite non ewo yo, yo fè devwa yo avèk fòs ak detèminasyon.

Viktwa Ewoyik (2-0) sou Nikaragwa. Sou yon tè etranje, nan peyi Kiraso, ekip nasyonal la bay yon pèfòmans san fòt. Objektif la te klè: pran 3 pwen an. Se de (2) jèn talan ki te pote drapo a pi wo aswè a: Louicius Don Deedson te bay premye gòl la, yon gòl ki te pèmèt ekip la respire epi kòmanse kwè.

Ruben Providence te sele viktwa a ak dezyèm gòl la, ki te elimine tout dout epi ki te libere kòlè lajwa nan tout peyi a.

Sa se pa sèlman yon viktwa nan yon match. se viktwa yon nasyon ki te genyen batay li kont dout epi ki te pouse avèk lespwa.

Onndiras Bay Kout Men An. Byenke Grenadye yo te fè devwa yo, sètifikasyon kalifikasyon an te bezwen yon rezilta favorab nan lòt match gwoup la. Men bon nouvèl la tonbe: Onndiras fè yon move pa nan match pa l la, lè y al fè (0-0) ak Kostarika sa ki te louvri byen laj pòt Koup Dimond la pou Ayiti.

Jodi a, nan jou nou sonje kouraj ewo nasyonal yo, foutbòl ayisyen an bay pèp la yon lòt rezon pou l chante, pou l danse, pou l fyè de koulè Nasyonal la.
Tout Ayiti ka di jodi a: Rèv la Vin Reyalite! USA-Meksik-Kanada 2026, Ayiti ap la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou