AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Batay Vètyè 18 novanm: Ayiti gen yon randevou ak Listwa foutbòl li

imaj atik la

18 novanm 2025   Steve Pierre   759

Nan menm jou pèp ayisyen an ap sonje kouraj ak sakrifis ewo Nasyon an nan Batày Vètyè a, Seleksyon Nasyonal foutbòl la gen pou l jwe yon match ki kapab make yon nouvo paj nan liv listwa espò peyi a. Aswè a, a 8è, Ayiti ap resevwa Nikaragwa nan dènye jounen faz eliminatwa Koup Dimond lan, tout je fikse sou Grenadye yo ki ap chèche yon rezilta pozitif.


Depi kèk jou, anviwònman an chaje ak lespwa. Ayiti, ki te patisipe nan premye Koup Dimond li an 1974, ap chèche retounen sou gwo sèn mondyal la aprè plis pase senkant lane. Men pou rèv sa a tounen reyalite, Grenadyè yo bezwen jwe pi bon match yo jodi a, pandan y ap tann yon move pa bò kote Onndiras nan lòt rankont ki gen enpòtans kapital pou konfigirasyon final gwoup la.

Pandan popilasyon ayisyèn nan ap selebre yon dat ki senbolize liberasyon ak rezistans, foutbòl ayisyen an gen chans mete yon lòt fyète nan kè pèp la. Tout peyi a gen yon sèl vwa : seleksyon an dwe jwe ak menm lespri batay zansèt yo te montre 18 novanm 1803 nan Vètyè a.

Pandan ekip nasyonal la pare pou monte sou gazon an, anpil fanatik, swa lakay, swa nan dyaspora a, ap kenbe souf yo. Yon viktwa kont Nikaragwa ta ka ofri yon kado espesyal nan jou memwa sa a, tout pandan yo espere yon nil oubyen yon defèt Onndiras ki ta louvri byen laj pòt Ayiti pou dezyèm Koup Dimond li.

Aswè a, Grenadye yo gen devwa pou yo batay tankou Desalin, Kapwa Lamò ak tout ewo ki te pote drapo a pi wo. Se pa sèlman yon match foutbòl : se yon kesyon fyète, idantite, memwa kolektif. Tout Ayiti ap tann yon reyalizasyon ki kapab chanje direksyon foutbòl nasyonal la, ki kapab fè 18 novanm tounen yon doub jou viktwa.

Grenadye Alaso

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou