Kredi Foto: @FHF média
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Aprè match nil (1-1) kont Repiblik Dominikèn nan, seleksyon fanm Ayiti a franchi yon etap enpòtan nan kalifikasyon pou gwo konpetisyon entènasyonal yo. Men kesyon an rete: ki chimen ki rete pou Grenadyè yo? Ki chans reyèl yo genyen pou rive nan Koup Dimond 2027 la ak Je Olenmpik 2028 yo?
Premye reyalite a se Ayiti deja asire patisipasyon li nan Chanpyona CONCACAF 2026 la, kote uit (8) pi bon ekip nan rejyon an pral batay. Konpetisyon sa a, ki ap fèt nan fen lane 2026 la, pral sèvi kòm prensipal pòtay pou ale nan Koup Dimond fanm FIFA 2027 la ki ap gen pou fèt nan peyi Brezil.
Chanpyona CONCACAF la k ap fèt mwa novanm ak desanm lane sa, ap kòmanse apati de kadefinal. Nan fòma a, kat (4) ekip ki rive genyen match kadefinal yo ap kalifye dirèkteman pou Koup Dimond lan. Kat (4) ekip ki pèdi yo ap antre nan yon seri baraj pou eseye pran de (2) lòt plas ki disponib pou CONCACAF nan baraj entèkontinantal yo.
Pou Je Olenmpik 2028 yo, jwèt la vin pi sere toujou. Twa (3) pi bon ekip nan chanpyona a ap kalifye dirèkteman. Kat (4) ekip ki ale nan demifinal Chanpyona CONCACAF la sou wout la pou ale Los Angeles 2028. De (2) peyi ki ale nan final yo tou kalifye dirèkteman. Kounya nan match 3èm plas la moun ki genyen an ap kalifye pou Je Olenmpik yo. Si Etazini rive nan dènye faz la, li p ap nan tout kalkil sa yo piske li se yon kalifye dofis. Sa ka ouvè plis opòtinite pou lòt ekip yo jwenn yon plas.
Avni an rete ouvè, men yon bagay klè: seleksyon an gen mwayen pou fè listwa ankò. Tout bagay pral depann de kapasite ekip la pou leve nivo li nan moman ki pi enpòtan yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou