Kredi Foto: @FHF média
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Seleksyon fanm Ayiti a valide plas li pou pwochen faz eliminatwa yo aprè li fè match nil (1-1) ak Repiblik Dominikèn nan gwoup D a, nan kad kalifikasyon CONCACAF yo. Rezilta sa a pèmèt Grenadyè yo fini premye nan gwoup la epi pran tikè yo pou Chanpyona CONCACAF 2026 la, yon etap kle nan batay pou ale ni nan Mondyal 2027 la, ni nan Je Olenmpik 2028 yo.
Match la, ki te jwe nan estad Roger Zami nan peyi Gwadloup, pa t vrèman bay gwo espektak. Premye mitan an te fini san gòl, ak de (2) ekip yo ki te parèt pridan, ki pa t kreye anpil okazyon klè. Se nan dezyèm peryòd la bagay yo te pran yon ti koulè, lè Sherly Jeudy ouvè eskò a nan 67èm minit aprè yon bon balon Jennyfer Limage te voye anlè defans vwazin nou yo.
Men avantaj Ayiti a pa t dire lontan. Sèt (7) minit sèlman aprè, Stella Tapia egalize pou Dominikèn yo aprè yon aksyon dezòdone nan defans ayisyèn nan. Malgre kèk moman enteresan, nivo teknik rankont la te rete limite, sitou akoz move kondisyon teren an ki te ralanti sikilasyon boul lan.
Avèk absans plizyè kad enpòtan, seleksyon ayisyèn nan te manke enspirasyon, espesyalman nan faz ofansif yo. Men, objektif prensipal la reyalize: Ayiti kalifye epi li rete sou bon chimen pou al chèche yon doub kalifikasyon istorik ki se : patisipasyon nan Mondyal 2027 la ak Je Olenmpik 2028 yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou