AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Tempête FC korije kaye palmarès Baltimore SC

imaj atik la Kredi Foto: @Tempête FC

12 avril 2026   Benswilkenson Jean   660

Tempête FC-Baltimore SC, se youn nan pi gwo dèbi ki gen nan chanpyona nasyonal la. Non sèlman pou ansyènte l men tou pou plezi ki toujou genyen sou tèren an. Ekip Bèl Kolòn lan korije kaye Baltimore SC sou koze palmarès dèbi a.


Nan yon kominike sou paj Facebook li, ekip Tempête fC a fè yon pase men sou palmarès Baltimore SC toujou ap bay sou dèbi a. Direksyon ekip Bèl Kolòn yo fè konnen se paske dirijan Baltimore yo pa vle rekonèt move bilan yo nan dèbi a. Nan menm kominike sa a Bèl Kolòn yo fè konnen, direksyon 4×4 tèt mò yo trafike palmarès dèbi a nan avantaj yo. Yo ajoute 5 viktwa nan yon peryòd pandan nan epòk sa yo inyore lòt match ki te jwe yo.

Pou klarifye sa Tempête FC di a, yo kòmanse depi 1975 nan yon match pè Pollux ki te nan legliz katolik nan zòn lan te òganize a. Nan epòk sa a Tempête FC te bat 2-1. Daprè Bèl Kolòn yo, Baltimore pran match sa pou yon match charite ki vle di san enpòtans paske FIFA pral rekonèt match sa yo nan lane 2022 kòm match espesyal. Yon lòt bò daprè Bèl kolòn yo, Tèt mò yo pa janm vle aksepte bwa kale 6-1 yo te pran nan men yo. Sa ki se pi gwo eskò nan istwa dèbi a.

Aprè tout rale mennen vini sa yo, ekip Tempête FC a voye Baltimore SC al retounen pran kaye l pou li travay pou l ka sispann bay fanatik li yo manti.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )