Kredi Foto: @Fédération haïtienne de football (FHF)
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Aprè li fenk resevwa apèl pou rejwenn seleksyon ayisyèn senyò an, jèn defansè Nya Jean-Baptiste patisipe nan premye sesyon antrènman li ak Grenadyè yo nan lakou Gwadloup.
Aprè yon pèfòmans remakab mwa pase a ak seleksyon U-17 fanm nan, jèn Grenadyè a monte nan ekip senyò an pou ede nan preparasyon dènye match ekip nasyonal la kont Repiblik Dominikèn vandredi k ap vini la.
Nya Jean-Baptiste, ki se yon jwez ki gen anpil talan, vin jwenn Alyssa Manassé ki te deja jwe premye minit li ak senyò yo jedi pase an kont Anguilla.
Anba direksyon Pia Sundhage, seleksyon ayisyèn lan ap antre nan yon nouvo epòk, ak objektif pou ranfòse ekip nasyonal lan epi prepare demen avèk entegrasyon jèn jwez ki pwomèt sa yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou