AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Yon ansyen jèn Grenadye pèdi lavi l nan yon kondisyon trajik Ozetazini

imaj atik la Kredi Foto: @Ella Marie Étienne

16 Avril 2026   Jacky Chery   701

Zetwal yo pa sispann etenn. A sèlman 17 lane, Elijah Lemeuble ki se yon ansyen jwè ekip jèn Ayiti yo pèdi lavi l samdi 11 avril pase a nan yon kondisyon trajik ki mete fanmi l nan gwo doulè ak lapèn.


Jèn atlèt sa ki t ap pare l pou rantre nan inivèsite Huston-Tillotson pou al kontinye jwe foutbòl epi etidye an menm tan, finalman wè tout rèv sa yo brize avèk lanmò sa ki rive nan Wildwood Park ki twouve l Jòji.

Daprè otorite yo, ansyen Grenadye an ta nwaye nan yon pisin ki twouve l nan Pak lan. Yon gwoup plonjè ta tonbe sou kò Elijah Lemeuble san vi nan pisin lan anviwon 30 minit aprè.

« Mwen gen enpresyon m ap viv yon move rèv m poko janm ka leve nan dòmi », se konsa youn nan ansyen kamarad li yo te reyaji aprè nouvèl lanmò sa.

N ap raple, Elijah Lemeuble te reprezante Ayiti nan yon tounwa U16 ki te fèt nan lakou Gwadloup pandan lane 2025 lan. Menmsi l vwayaje twò vit, Elijah Lemeuble ap rete grave pandan lontan nan memwa sila yo ki te kwè nan talan li yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )