Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Jèn defansè lateral ayisyèn lan Ruthny Mathurin anonse nan yon piblikasyon sou paj fesbook li yon blesi li ki ap fè l pase yon bon bout tan deyò tèren.
Entènasyonal ayisyèn lan Ruthny Mathurin ki sot apèn rejwenn ekip Alhama FC a nan chanpyona fanm peyi Espay lan, anonse sou rezo sosyo yo li blese. Daprè mesaj jèn defansè a poste, li fè konnen li pral gen pou pran swen nan plizyè pati nan kò li sitou pou jenou li.
Jèn fanm grenadye a di se yon ti doulè li te jis santi epi se sa ki pral mennen li oblije ale lopital e li nan obligasyon pou swanye kò l. Yon moman Ruthny Mathurin anonse ki vrèman difisil pou li pafwa li konn menm anvi bay vag. Men li fè konnen malgre sa li toujou ap kenbe e li pwomèt li ap vin pi fò.
N ap raple jèn atlèt la pa bay okenn dat sou posib retou li sou tèren foutbòl.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou