Kredi Foto: @Tempête FC
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Dezyèm jounen pleyòf la nan chanpyona nasyonal la ap demare 12 avril k ap vini la. Yon gwo dèbi Baltimore SC ak Tempête FC ap pwoche.
Chanpyona nasyonal premye divizyon an kontinye ap fè chimen l. Nan kad dezyèm jounen pati pleyòf yo, Ligue Haïtienne Football la deja mete kalandriye a deyò.
Pak Saint Vincent an anonse yon gwo tonton match foutbòl ki ap enteresan anpil. Baltimore SC ki gen non jwèt 4×4 tèt mò ap kontre kare Tempête FC ki gen non jwèt Bel Kolòn. Yon match ki ap konte nan kad 102èm gwo dèbi ki toujou jwe ant 2 ekip sa yo.
Tempête ki apèn ap reprann mak li ak Charles Herold Jr gen pou devwa fè premye viktwa l kòm antrenè fas ekip Baltimore SC a. Nan dènye konfwontasyon yo Baltimore SC te pase yo 2-1.
Match sa se pral kòm yon revanj pou Charles Herold Jr. Bò kote pa Ernso Datus li pral nan obligasyon pou konfime dominasyon l sou Bel Kolòn yo.
BILAN DÈBI A:
-101 match
-28 viktwa Baltimore SC
-28 viktwa Tempête SC
-45 match nil
-73 gòl pou Baltimore SC
-72 gòl pou Tempête FC.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou