AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Cassandra Décombe : Yon nouvo talan ki vin ranfòse Grenadyè yo

imaj atik la Kredi Foto: @Fédération haïtienne de football (FHF)

15 Avril 2026   Jacky Chery   601

Nan kad preparasyon pou match fas Repiblik dominikèn nan eliminatwa CONCACAF pou Mondyal fanm Brezil 2027 lan, seleksyon ayisyèn lan genyen plis nouvèl jwez ki rejwenn li, pami yo Cassandra Décombe.


Lateral goch 21 lane, Cassandra Décombe rejwenn rasanbleman ekip nasyonal la nan lakou Gwadloup pou prepare rankont sa k ap gen pou jwe vandredi 17 avril k ap vini la. Defansè FC Laval la menm kòmanse antrene avèk medam ayisyèn yo.

Sou direksyon Pia Sundhage, nouvo sa yo rejwenn seleksyon an pou konble absans plizyè jwez ki pa t ka deplase pou rasanbleman sa. Melchie, Dayana ak Kéthna se twa jwez ki te konvoke men ki finalman rate rasanbleman sa.

Cassandra, yon jwez ki gen yon bon vitès ak yon bèl kalite teknik, pral kapab mete talan li osèvis seleksyon an ki pral dèyè kalifikasyon l pou dezyèm faz eliminatwa Mondyal fanm 2027 lan. Yon match nil ap sifi pou Grenadyè yo ki jiskaprezan okipe premye plas nan gwoup lan.

N ap raple, Jasmine Vilgrain, Naïla Louissaint ak Nya Jean-Baptiste, se twa jwez sa yo ki rejwenn rasanbleman seleksyon an. Daprè enfòmasyon nou genyen, medam ayisyèn yo ap antrene jodi mèkredi an epi demen jedi an pou kapab rive nan match la nan pi bon kondisyon posib.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )