AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Repiblik dominikèn deklare Ayiti Lagè avan dènye match eliminatwa yo

imaj atik la Kredi Foto: @Alyssa Oviedo IG

12 Avril 2026   Jacky Chery   1129

Nan yon deklarasyon chòk pandan ekip fanm dominikèn lan ap prepare pou jwe kont seleksyon ayisyèn lan, Alyssa Oviedo fè konnen konfwontasyon sa se pral plis pase yon match foutbòl, se tou senpleman lagè.


Rivalite ant 2 peyi yo ki pataje zile ispanyola travèse fwontyè. Grenadye yo ak ekip nasyonal Repiblik dominikèn lan nan yon batay pou premye plas gwoup lan k ap bay aksè ak dezyèm faz eliminatwa pou Mondyal fanm 2027 la.

Kapitèn seleksyon dominikèn lan, Alyssa Oviedo, pa pase nan 4 chemen pou di sa l pase sou rankont sa. Menmsi l rekonèt Grenadye yo gen jwez wo nivo epi eksperimante, li fè konnen yo pral fè tout sa yo kapab pou sòti avèk viktwa sa.

Ayiti kont Repiblik dominikèn se pa yon match nou jwenn fasil. Nan kategori U-17 fanm, Grenadye yo te tonbe 2-0 fas dominikèn yo epi elimine nan konpetisyon an. Avèk Pia Sundhage, Ayiti pral kapab fè fas ak sa Repiblik dominikèn vle mete anplas pou anpeche n kalifye an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )