Kredi Foto: @Fédération haïtienne de football (FHF)
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Nan kad preparasyon pou gwo match Grenadyè yo kont Repiblik Dominikèn vandredi k ap vini an, seleksyon fanm Ayiti a resevwa plizyè nouvo jwez pou ranplase kèk ki pa t ka vin nan rasanbleman an nan Gwadloup.
Defansè Stade de Reims la, Jasmine Vilgrain, ansanm ak ansyen Grenadyè U-17 la, Nya Jean-Baptiste, jwenn apèl pou entegre ekip nasyonal la. Cassandra Décombe ak Naïla Louissaint fè egalman pati lis la.
Nouvo konvokasyon sa yo gen de objektif : konble absans yo epi bay lòt jwez opòtinite. Jenn defansè 16 lane a, Nya Jean-Baptiste, monte nan nivo granmoun apre bon pèfòmans li ak seleksyon U-17 la mwa ki sot pase an.
Daprè enfòmasyon nou genyen, Nya Jean-Baptiste ak Jasmine Vilgrain rive nan Gosye depi ayè samdi an e yo deja disponib pou antrenè Pia Sundhage, ki te gen yon mank jwez nan gwoup la. Cassandra Décombe ak Naïla Louissaint yo menm ta sipoze rive jodi dimanch lan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou