AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Charles Herold Jr fè yon mirak pou Tempête FC

imaj atik la Kredi Foto: @Tempête FC

14 avril 2026   Benswilkenson Jean   465

Jèn antrenè Charles Herold Jr vini premye antrenè ki rive ba Ernso Datus depi lè li nan tèt ekip Baltimore an nan yon dèbi Tempête FC vs Baltimore SC. Yon eksplwa li rive sou 2èm match kont yo.


Nan kad dezyèm jounen faz pleyòf chanpyona nasyonal la, Tempête FC te gen anfas li Baltimore SC. Gwo match se te konte pou 102èm dèbi ant 2 klèb sa yo ki sòti nan vil Senmak.

Rivalite a te non sèlman sou tèren men li te sou ban touch la tou. Paske bò kote pa Charles Herold Jr, li te gen yon defi ak yon ravanj pou l pran kont antrenè Baltimore a Ernso Datus. Revanj lan se paske Ernso Datus te bat Charles Herold Jr deja nan 101èm jounen an (2-1).

Defi a se paske depi Ernso Datus nan tèt ekip 4×4 la, li poko janm pèdi devan okenn antrenè ki pase nan tèt Bèl Kolòn yo. Antrenè Baltimore a te sou yon seri 8 match san defèt fas ekip Tempête FC a. Se te yon veritab pye sou kou.

Charles Herold Jr te gentan pran bwa kale pa l tou jis anvan li vin sòti ak revanj li sou yon eskò 1-0 nan 102èm dèbi a. Anvan sa Ernso te gentan bat 4 antrenè Tempête FC pami yo Rolph Edson Joseph.

Pou kounya bilan dèbi a se 29 viktwa pou Tempête FC kont 28 pou Baltimore epi 45 match nil. Chak ekip yo make 73 gòl.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )