Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Moman istorik sa pou foutbòl ayisyen an pa pase inapèsi. 52 lane aprè, Grenadye yo pral gen pou patisipe nan yon dezyèm faz final Koup Dimond. Pou okazyon sa, prezidan FIFA, Gianni Infantino, felisite seleksyon nasyonal ayisyèn lan epi di l ap tann yo nan fèt foutbòl sa.
Gras ak viktwa sa nan sware 18 novanm lan kont Nikaragwa (2-0), seleksyon nasyonal ayisyèn lan valide biyè l pou 23èm edisyon Koup Dimond lan k ap fèt ete k ap vini an nan peyi Etazini, Kanada ak Meksik. Nan yon mesaj videyo enrejistre, Infantino pa kache kontantman l pou eksplwa sa Grenadye yo fè an.
« Kalifikasyon sa nan dènye jounen an alafwa espektakilè, men tou merite », yon pati nan mesaj prezidan FIFA, ki te tou ap mete aksan sou lanmou ayisyen genyen pou foutbòl. Grenadye yo fini premye avèk 11 pwen nan gwoup C an ki te genyen Onndiras, Kostarika ak Nikaragwa.
Gianni Infantino, ki t ap pale avèk kè l, fè konnen egalman prezans ekip nasyonal ayisyèn lan nan Koup Dimond lan pral rann edisyon sa plis espesyal toujou. N ap raple, 26èm edisyon sa pral fèt avèk 48 ekip.
Annatandan tiraj osò an k ap fèt 5 desanm k ap vini la, tout peyi an ap selebre kalifikasyon istorik sa ki rann jounen 18 novanm lan plis memorab toujou. Ayiti kalifye pou Mondyal 2026 la nan yon sitiyasyon konplèks kote yo jwe tout 6 match yo lwen peyi a akoz kondisyon sekirite yo ki pa reponn.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou