AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Melchie reprezante nan ekip tip premye faz eliminatwa CONCACAF lan

imaj atik la Kredi Foto: @Fédération haïtienne de football (FHF)

23 Avril 2026   Jacky Chéry   1429

Atakan entènasyonal ayisyèn Melchie Daëlle Dumornay prezan nan ekip tip jwez ki te make premye faz eliminatwa CONCACAF pou Mondyal fanm Brezil 2027 lan.


Grenadye an ki jwe sèlman 2 premye match yo, pa pase inapèsi nan konpetisyon an gras ak pèfomans sa yo li te montre fas Beliz epi Sirinam avèk plizyè gòl epi pas desizif.

Atakan OL Lyonnes lan te yon eleman kle pou ekip ayisyèn lan ki kalifye pou tounwa fanm CONCACAF lan k ap gen pou deside ekip k ap gen pou kalifye pou Mondyal 2027 lan epi JO 2028 yo.

N ap note, Melchie Daëlle Dumornay se sèl reprezantan ayisyèn ki nan ekip tip premye faz eliminatwa yo. Grenadye yo, malgre kalifikasyon sa, pa t vrèman briye nan konpetisyon an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou