AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Odsonne Édouard : Yon dosye ki sou wout mouri anvan Mondyal la

imaj atik la Kredi Foto: @Racing Club Lens

7 Me 2026   Jacky Chéry   1042

Si kominote ayisyèn lan te fin kwè nan posiblite pou Ayiti ta kapab genyen Odsonne Édouard nan Mondyal la, sitiyasyon ki genyen dènye jou sa yo pa montre twò bon siy. Enfòmasyon ki sòti bò federasyon an fè konnen jwè an toujou pa montre twòp enterè pou ta monte tren Grenadye yo.


Yon mwa avan konpetisyon an kòmanse, atakan RC Lens lan ap balanse toujou ant yon konvokasyon nan ekip Lafrans lan ak entegrasyon l nan ekip Ayiti an. Avèk bèl sezon l ap fè nan Ligue 1 an, Odsonne Édouard toujou rete kwè Didier Deschamps kapab mennen l nan Mondyal la, malgre konkirans ki genyen an.

Depi plizyè mwa, Federasyon ayisyèn foutbòl pa sispann fè Odsonne Édouard je dou pou ta kapab rejwenn ekip nasyonal la kòm youn nan gwo ranfò yo ta kapab genyen. Atakan 28 lane an toujou poko bay akò l pou ta tanmen demach administratif yo.

Si jou yo ap vanse pou Mondyal la, chans pou n ta genyen Odsonne Édouard nan ekip nasyonal lan ap diminye. Toutfwa, si Didier Deschamps pa ta konvoke atakan RC Lens lan, l ap toujou rete elijib pou ta reprezante Ayiti nan echeyans k ap vini yo.

Kòdonatè teknik FHF lan, Carlo Marcelin, anonse pandan l te nan emisyon Panel Magik9 seleksyon ayisyèn lan ap kapab genyen 2 ou 3 nouvo jwè kòm ranfò. Atakan Ferencvaros lan, Lenny Joseph, ta dwe youn ladan yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou