Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Nan moman selebrasyon dezyèm kalifikasyon Ayiti pou yon faz final Koup Dimond, li enpòtan pou n chita sou ewo sa yo ki bay tout yo menm pou rezilta sa. Don Deedson Louicius se youn nan Grenadye ki kite tras li nan eliminatwa Mondyal 2026 lan.
Anvan menm nou rantre nan eliminatwa yo, n ap prezante atakan ayisyen an ki fèt an Ayiti, espesifikman Taba, e k ap evolye jounen jodi a anndan ekip Dallas lan nan Major League Soccer an. Deedson gen 24 lane epi mezire 1,78m kòm wotè. Bon pye l se pye goch.
Grenadye an k ap jwe pwofesyonèl depi 2019, te kòmanse avèk klèb danwa Hobro IK sezon 2019-2020 an kote l te pral pase 4 lane. Deedson ta pral chanje klèb nan foutbòl danwa a pou rejwenn nan lane 2023 Odense BK.
Avèk seleksyon ayisyèn lan, Deedson ap jwe nan ekip senyò an depi 2021 kote l enskri ayè madi an 10èm gòl li. Yon jwè chaje talan, ki rive konfime l nan eliminitwa Mondyal 2026 lan, prensipalman kont Nikaragwa kote l make ni nan ale a ni nan retou an ki jwe Willemstad ayè 18 novanm lan.
N ap note, pandan kanpay sa, atakan FC Dallas lan patisipe nan tout 6 match yo, men jwe 2 ladan yo kòm titilè. Jwè ki te kòmanse nan FC Shana an Ayiti, enskri non l nan tablo an lò ki gen chak grenn jwè ki te patisipe nan batay long sa ki mennen Ayiti nan yon dezyèm faz final Koup Dimond nan istwa l.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou