AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Yon viktwa istorik nan yon dat istorik pou Ayiti

imaj atik la

19 novanm 2025   Benswilkenson Jean   792

Seleksyon nasyonal ayisyèn lan retrase yon lòt bèl istwa nan dat 18 novanm lan. Viktwa 2-0 Grenadye yo sou Nikaragwa se yon viktwa istorik nan menm jou ak Batay Vètyè a ki se dènye batay ki te bannou endepandans.


Seleksyon nasyonal la fini ak faz eliminatwa Mondyal 2026 la ak yon kè kontan. Menm jan ak 18 novanm 1803, Grenadye yo remete yon lòt paj istorik nan menm dat sa nan listwa nasyon an.

Nan okazyon an, Ayiti t ap jwe dènye match li nan eliminatwa moindyal la kont peyi Nikaragwa. Kalifikasyon sa t ap jwe soi doub tèren paske kalifikasyon Grenadye yo te depann tou de rezilta match Onndiras-Kostarika a.

Menm jan jeneral Capois François (Kapwa Lamò) te di annavan boulèt se pousyè a, tout Grenadye yo te mete yo gadavou depi nan premye minit match la kote nan 9èm minit la Louicius Don Deedson ta pral lanse premye gwo kout kanno a pou Grenadye yo.

Batay la te toujou mare rèd rèd sou tèren Willemstad la nan peyi Kiraso ki se kote Ayiti t ap resevwa match la. Malgre nou te gen kèk sòlda ki te tonbe men kontwòl batay la te toujou nan men patizan drapo wouj e ble a. Frantzdy Pierrot, atakan pwent ayisiyen an te sòti sou blesi depi nan anviwon 30 minit match la. Dezyèm pi bon bitè istwa seleksyon an Duckens Nazon te ranplase l. Malgre chouchou ayisyen an (Duckens Nazon) te parèt pa t anfòm fizikman men li te kontinye kenbe ran nan batay la pou Grenadye yo.

Rive nan fen premye mitan an, jèn atakan elye ayisyen an Ruben Providence ta pral tire yon lòt kout kanno ankò pou Ayiti. Sa ki ta pral bay Ayiti yon avans 2-0 nan match la kont nikaragweyen yo.

Eskò sa ta pral kenbe pou tout rès match la. Menm jan yon seri sòlda vanyan te kenbe fèm kont ènmi an nan dat 18 novanm 1803 a, se konsa yon seri gason vanyan pèmèt Ayiti pral konnen dezyèm patisipasyon l nan pi gwo konpetisyon foutbòl nan tout mond lan.

Rezilta 0-0 match Kostarika-Onndiras la valide tikè Ayiti pou Mondyal 2026 la. GolAyiti menm jan ak tout nasyon an selebre gwo kokennchenn eksplwa sa a. Randevou mwa jen 2026 pou pi gwo fèt foutbòl la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou