FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

FIFA bay Sébastien Migné dat pou li mete lis jwè li ap konvoke pou Mondyal la deyò

imaj atik la

26 mas 2026   Benswilkenson Jean   1181

Federasyon entènasyonal foutbòl amatè a FIFA bay tout antrenè ki ap patisipe nan Mondyal 2026 lan, pami yo Sébastien Migné diferan dat pou yo mete lis jwè yo deyò. 30 Me se dènye lè pou lis definitif la sòti.


Sébastien Migné ki se antrenè seleksyon nasyonal Grenadye a konnen kilè pou li voye lis li yo bay FIFA. Direksyon pi gwo enstans foutbòl mond lan FIFA fè antrenè yo konnen 2 dat enpòtan pou yo voye diferan lis yo a.

Premye dat la sa se 11 me 2026, nan dat sa antrenè yo ap gen pou mete deyò yon lis elaji ki paka plis pase 55 jwè. Pami 55 jwè sa yo se 26 sèlman ki pral patisipe nan Mondyal la.

Dat 30 me 2026, se ap dat pou antrenè yo sòti lis definitif la. Nan lis sa a se la nou ap jwenn 26 konbatan ki pral gen chans pou reprezante peyi yo nan pi gwo evènman foutbòl sou tout planèt la.

Antrenè ayisyen Sébastien Migné konnen 2 dat sa yo se dat kle, pou nou ki Grenadye ki pral mouye mayo epi prezante peyi a nan dezyèm koup dimonn nan istwa l. Yon evènman tout ayisyen te reve e paka tann pou jou a rive. GolAyiti bò kote pa l rete veyatif pou mete tout enfomasyon ki kòrèk deyò sou pakou seleksyon nasyonal la nan Mondyal la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )