FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Yon peyi jwenn kalifikasyon l pou Mondyal la san li pa t genyen yon grenn match nan eliminatwa yo

imaj atik la

02 avril 2026   Benswilkenson Jean   1189

Lis peyi ki pral nan Mondyal 2026 la konplè. Peyi Syèd kalifye pou Mondyal la gras ak baraj pandan li pa t genyen okenn nan match li yo nan eliminatwa Mondyal la.


Seleksyon syedwaz la rive jwenn chans pou ale nan Mondyal 2026 la malgre kanpay eliminatwa a pa t bon ditou pou yo. Nan kanpay sa yo te fè sèlman 2 pwen.

Syèd te tonbe nan gwoup B a avèk Swis, Kosovo, Esloveni. Malerezman yo te fini nan bon dènye plas la ak sèlman 2 pwen yo te fè gras ak 2 match nil. Pou 6 match yo te jwe yo, yo te fè 4 defèt. Yo ta pral tonbe nan baraj gras ak bon klasman yo te genyen nan Ligue des Nations an. Paske selon règ yo te mete anvan Mondyal 2022 a, 4 nan ekip ki te ranpòte gwoup yo a nan Ligue des Nations yo ap kalifye pou baraj.

Nan baraj la, syedwa yo te fè tout sa ki depann de yo pou yo pa rate randevou mwa jen an sou kontinan amerik la. Nan baraj la yo te tonbe sou Ikrèn ak Polòy. Yo te rive bat Ikrèn 3-1 epi yo genyen Polòy nan yon gwo match gason pa kanpe 3-2. Gras ak viktwa sa yo, peyi Syèd ki gen kòm atakan l jwè Arsenal la Gyokeres nan lis 48 ekip ki pral batay pou ranpòte twofe Mondyal la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )