Chak fwa yon sezon fini pou fè plas ak yon lòt, tout klèb yo souvan mete yo sou pwent pye pou depanse lajan nan achte nouvo jwè epi ranfòse efektif yo pou pwochen sezon an.
Chak fwa yon sezon fini pou fè plas ak yon lòt, tout klèb yo souvan mete yo sou pwent pye pou depanse lajan nan achte nouvo jwè epi ranfòse efektif yo pou pwochen sezon an.
Anvan sezon 2025/2026 sa ki pral lanse a, n ap voye je gade peyi lafrans kote nou poze pye nou nan klèb PSG a.
Aprè Gianluigi Donnarumma te fin patisipe nan premye tit Ligue Des Champions PSG rive pran pou premye fwa nan listwa li, ekip Frans lan te fè chwa pou pwolonje kontra entènasyonal italyen an. Malerezman, kondisyon yo pa rive konvenk gadyen an ki pa antre nan lojik sa.
Pou pini ansyen milanè a, Paris Saint-Germain pwofite okazyon an pou achete Lucas Chevalier ki se youn nan meyè gadyen chanpyona Ligue 1 an genyen. Toujou nan menm kontèks pinisyon sila, estaf Paris a fè yon lis kote yo pa konvoke Donnarumma pou afwonte klèb anglè a nan Supercoupe Europe la mèkredi.
Tout sa, se yon fason pou dirijan yo pouse do l jis pou li pa fè dènye sezon sa san pwolonje kontra li genyen k ap fini nan lane 2026 la. Si klèb PSG a rive fè sa, yo ap gen posiblite pou antre kòb ak li men si sa pa fèt, gadyen italyen an ap gen posiblite pou l lib sezon k ap vini zn e li ap kapab ale nan nenpòt ekip san yo pa peye klèb Paris a.
Aprè aksyon sa, antouraj gadyen an pale sou RMC Sport pou fè konnen jwè a patisipe nan chanpyon ekip PSG a pou pèmèt li jwe Super Coupe la, si w ap pale de moun nan pos li a jounen jodi a, ou paka pa site non li. Nan ka sa, li p ap ka ale nenpòt kote ni nenpòt fason. Li kapab tann kontra l fini pou l ale lib. Reyaksyon antouraj jwè a pou montre yo pa kontan ak desizyon dirijan PSG yo ki pa bay gadyen an posiblite pou jwe kont Tottenham mèkredi.
Malgre fason sitiyasyon an prezante a, Chelsea, Manchester City ak Manchester United pozisyone yo pou ta achte entènasyonal italyen an tout fwa li deside fè wout li sezon an. menmsi li rete, gadyen titilè a p ap Gianluigi Donnarumma.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou