Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Sezon sa, Luka Modrić ki te youn nan pilye ekip Real Madrid la, kite ekip la pou ale ekri yon lòt paj nan peyi Itali ak klèb Milan AC a. E depi lè l rive nan ekip la, li pa sispann fè talan l pale pou li.
Avèk yon adaptasyon fasil, Luka ap konnen yon kòmansman sezon tèt chaje sou koulè nouvo ekip li nan Serie A. Gras ak pèfomans li, Milan AC okipe dezyèm plas la ak 9 pwen sou 12 posib. E nan yon entèvyou pou La Gazzetta dello Sport, Demetrio Albertini pataje kòman kowat la pote anpil bagay anndan tèren an.
"Modric pote kalm ak senserite nan gwoup la. Se sèl yon gwo chanpyon k ap evolye nan pòs sa ki kapab fè koyekipye li yo pi pèfoman pase sa yo t ap tann lan. Avèk Luka, tout bagay pi fasil, kit pou jèn jwè yo ak nouvo yo", konfimasyon ansyen milye tèren Milan AC a.
"Pirlo te revolisyone foutbòl la nan pòs sa, e Milan konte nan mitan l yon nouvo chanpyon devan defans lan". Kèk pawòl Albertini te ajoute nan deklarasyon li fè sou ansyen jwè Real Madrid lan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou