Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Ayè, Liverpool rive jwenn 16èmfinal Carabao Cup la aprè yon viktwa difisil (2-1) kont Southampton, gras ak pas Federico Chiesa epi gòl Aleksander Isak ansanm ak Hugo Ekitike. Men fason Ekitike selebre gòl li a mete tout ekip la nan yon sitiyasyon difisil.
Liverpool te byen kòmanse rankont lan ak yon premye gòl Aleksander Isak nan premye mitan an, sou yon pas Chiesa. Isak te oblije kite plas li nan pozisyon atak la a nan 46èm minit, kote li te ranplase pa Hugo Ekitike.
Jèn fransè a te pran premye jòn li nan 53èm minit pou kontestasyon. Malgre sa, li te vin tounen ewo a nan fen match la lè li make gòl desizif pou Reds yo nan 85èm minit, toujou sou yon lòt pas Federico Chiesa. Men, kèk segonn aprè, li gate selebrasyon an : li retire mayo li, sa ki voye l jwenn yon dezyèm jòn, ki egal ak yon wouj.
Antrenè Liverpool la, Arne Slot, pa kache fristrasyon li aprè match la : « M se yon ansyen, men nan karyè m mwen te make kèk ti grenn gòl, men mwen pa konprann. Si ou make yon bèl gòl aprè ou fin drible 3 moun epi frape nan 90 la, m ka konprann yon selebrasyon konsa. Men, sou yon aksyon kote se yon pas klè ki mete w nan pozisyon pou make, ou dwe al di mèsi a Chiesa. Sa li fè a se te yon bagay estipid, retire mayo pou pran yon wouj. »
Slot te pwofite mete aksan sou pèfòmans Federico Chiesa, ki li konsidere kòm pi gwo atizan viktwa sa a : « Chiesa se te jwè ki plis travay, ki plis eseye, e ki plis enplike nan match la. »
Liverpool pase nan 16èmfinal yo, men Hugo Ekitike deja kite yon imaj melanje : ewo gras ak gòl li, men tou kritik paske yon selebrasyon te koute l yon katon wouj. Arne Slot gen anpil travay pou l fè sou fason jèn atakan an ap jere presyon ak emosyon li sou teren an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou