AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

FICA anonse sinyati yon jèn talan ki rejwenn klèb la

imaj atik la

02 novanm 2025   Neuvième Junior   567

Nan yon kominike, Football Inter Club Association (FICA) anonse sinyati milye tèren 21 lane Joly Ersen. Jèn jwè sa t ap evolye nan klèb Cavaly AS.


Nan yon kominike, Football Inter Club Association (FICA) anonse sinyati milye tèren 21 lane Joly Ersen. Jèn jwè sa t ap evolye nan klèb Cavaly AS.

Sou transfè sa yo fè konnen, Ersen angaje l ak klèb la pou yon dire 3 lane. Avèk sinyati l, yo swete talan sila pote plis gras ak jenès li, vizyon l e kalite teknik li anndan tèren an, pandan y ap kontinye ranfòse efektif yo pou sezon an.

Yo kontinye pou di: Nou ap remèsye Cavaly AS pou kolaborasyon egzanplè ak kalite echanj yo pandan negosiyasyon an. Diskisyon yo te fèt nan yon lespri ki gen respè youn pou lòt ak anpil pwofesyonalis ki montre solidarite ki gen nan foutbòl ayisyen an.

Yon ide sou Joly Ersen

Joly Ersen se yon jwè foutbòl ayisyen ki fèt Tigwav. Li kite Cavaly pou siyen ak FICA e li te fini meyè jwè tounwa mondyalito a kote l te fè 5 gòl.

Li siyen yon kontra pou 3 lane ak klèb kapwa a. Li rete kounya pou nou wè kisa l ap pote anndan klèb la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )