Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Mitan tèren seleksyon nasyonal ayisyèn lan, Melchie Daëlle Dumornay, fini kòm pi bon jwez lane 2025 lan pou CONCACAF lan. Jwez OL Lyonnes lan refè l ankò aprè l te deja ranpòte pri sa lane ki sot pase an.
Aprè yon sezon reyisi nan Arkema Première Ligue lan ak Fenòt yo, Melchie Daëlle Dumornay kontinye montre dimansyon talan li nan pi wo nivo foutbòl mondyal lan. Grenadye an te fini dezyèm meyè bitè chanpyona fransè an sezon ki sot pase an avèk 15 gòl.
Avèk pri sa, Corventina rantre nan yon sèk trè fèmen jwez ki ranpòte pri meyè jwez CONCACAF lan pandan 2 fwa. Ansyen jwez Tigresse lan rejwenn lejann amerikèn lan, Alex Morgan, ki te gen rekò sa.
Malgre OL Lyonnes pa chanpyon nan 2 dènye edisyon Lig chanpyon fanm yo, Melchie Daëlle Dumornay pa t pase inapèsi kote l fini nan chak edisyon sa yo meyè jèn jwez konpetisyon sa.
A 22 lane sèlman, Melchie Daëlle Dumornay kontinye fè listwa nan foutbòl lan. Pitit Mibalè an, ki deja jwe 2 mondyal avèk Ayiti, kontinye ap fè valè foutbòl ayisyen an nan yon nivo n potko janm konnen anvan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou