AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Wilde-Donald Guerrier ak Hutnik sibi yon 6èm echèk sou sèt

imaj atik la

02 novanm 2025   Neuvième Junior   890

Pou match 15èm jounen chanpyona twazyèm divizyon polonè a, Wilde-Donald Guerrier akonpanye ak koyekipye li yo fè deplasman lakay NKP Podhale. Rankont sa fini 1-0 an favè ekip lokal la ki pase vizitè yo yon 6èm defèt sou 7 match yo jwe.

Avèk Donald titilè sou lè l goch la, klèb Hutnik lan pase ak yon 6èm defèt nan 7 dènye match li jwe yo. Depi 24 septanm 2025, klèb grenadye a te fè yon viktwa anvan sitiyasyon an te rive dejenere nan eta li ye kounya. Dènye viktwa sa, se te nan Koup Polòy la e se yon otogòl ki te pèmèt yo bat ekip Siarka.

Aprè ti eksplwa sa, yo fè tout mwa oktòb la ap jwe san menm fè yon viktwa. Nan 6 rankont yo fè yon sèl match nil. E jodi dimanch 2 novanm lan, yo demare ak yon lòt defèt fas Podhale (1-0) nan II Liga polonè a, ki se chanpyona 3èm divizyon an.

Swit ak 6èm imilyasyon sa, Donald Guerrier ak tout ekip la okipe 15èm plas klasman sou 18. Sa ki ap fè l desann nan divizyon enferyè a si li pa pwogrese anvan chanpyona fini.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )