AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Yon gwo Frantzety Hérard voye O&M FC nan final CONCACAF Caribbean Cup la

imaj atik la

7 novanm 2025   Steve Pierre   218

O&M FC ekri istwa nan Santiago gras ak yon Frantzety Hérard ki t ap briye nan gwo randevou a. Ayè, jedi 6 novanm lan te jou demifinal retou yo nan CONCACAF Caribbean Cup la, epi se ekip dominiken O&M FC ki pran tikè final la aprè yon viktwa istorik kont Cibao FC.


Nan match ale a, ki te jwe nan Estadio Olímpico Félix Sánchez, Cibao FC te louvri eskò a gras ak Ernesto Trinidad. Men O&M pa t pran tan pou reaji : Frantzety Hérard te egalize epi bay ekip li espwa anvan match retou a. Rezilta final te (1-1).

Nan retou a, ki te jwe nan Estadio Cibao Fútbol Club la, atmosfè a te chaje. Se te yon batay dirèk pou yon plas nan final. Malgre presyon ekip lokal la, se Frantzety Hérard ankò ki te sove O&M FC avèk yon gòl ki te fè tout diferans lan. Vizitè yo ranpòte match la (0-1).

Sou total de match yo, O&M FC pase (2-1) epi pran plas yo nan gwo final la.

Atakan ayisyen an se veritab bouwo Cibao FC : li make nan ale a, li make nan retou a, epi se li ki pote O&M FC nan premye final yo nan konpetisyon an. Pèfòmans li mete non li nan mitan pi gwo moman foutbòl Karayib la ane sa.

O&M FC ap jwe final CONCACAF Caribbean Cup la kont ekip Jamayiken an, Mount Pleasant. Yon final ki pwomèt dife, kote Frantzety Hérard ap gen chans ekri yon lòt paj nan istwa foutbòl rejyon an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )