Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Aprè plizyè jou ap trennen akoz chak desizyon toujou gen yon kontrent, moman rive pou chanpyona nasyonal la wè jou. Selon sa ki sòti, responsab Ligue haïtienne de football yo fikse, ouvèti premye jounen D1 ayisyen an pou samdi 8 ak dimanch 9 novanm k ap vini la. E pou sa, gen plizyè afich nan randevou a.
Aprè plizyè jou ap trennen akoz chak desizyon toujou gen yon kontrent, moman rive pou chanpyona nasyonal la wè jou. Selon sa ki sòti, responsab Ligue haïtienne de football yo fikse, ouvèti premye jounen D1 ayisyen an pou samdi 8 ak dimanch 9 novanm k ap vini la. E pou sa, gen plizyè afich nan randevou a.
Pou match ouvèti an ki ap fèt samdi 8 lan, chanpyon an tit yo ap fè deplasman pou al defann twofe yo te pran fas Racing Club Haïtien sou Parc Saint-Thérèse. Klèb kapital la li menm, pral lite pou bay yon meyè enpresyon pou chase imaj sezon pase a.
Nan demen k ap 9 novanm, dyèl yo ap kontinye ak FICA kont Tempête FC – sou Parc Saint-Victor. Rankont sa se sou zòn nò a.
Racing FC ki sòti Gonayiv ap kontre Real Hope FA sou Parc Sténio Vincent.
Ouanaminthe FC ap tann Association Sportive Capoise (ASC) nan dyèl nodès la.
Baltimore SC ap frape ak dènye enskri a Cosmopolites SC sou Parc Levelt de Saint-Marc la.
Pou kontinye, match tèt chaje nan lwès la ap fèt ant Don Bosco de Pétion-Ville fas Violette AC pou bay gou ak gran piblik la depi nan premye jounen an.
America des Cayes ap resevwa Cavaly AS nan Land des Gabions pou avanse ak sid la.
An rezime
Samdi 8 novanm 2025
Racing Club Haïtien kont Juventus FC
Dimanch 9 novanm 2025
FICA fas Tempête FC
Racing FC vs Real Hope FA
Ouanaminthe FC kont ASC
Baltimore SC fas Cosmopolites SC
Don Bosco de PV vs Violette AC
America FC kont AS Cavaly.
Donk wikenn sa se pral lansman Chanpyona nasyonal ki te gen anpil difikilte pou kòmanse akoz plizyè rezon.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou