Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Nan The King Power At Den Dreef Stadium lan, KAA Gent pran yon rakle (4-0) an deplasman lakay OH Leuven jodi a. Defèt imilyan sa vini nan kad match 13èm jounen chanpyona Bèljik la, pandan defansè ayisyen an ki rive enpoze l pa prezan.
Nan The King Power At Den Dreef Stadium lan, KAA Gent pran yon rakle (4-0) an deplasman lakay OH Leuven jodi a. Defèt imilyan sa vini nan kad match 13èm jounen chanpyona Bèljik la, pandan defansè ayisyen an ki rive enpoze l pa prezan.
Mitan semèn lan, 16èm final Koup Bèljik la te fè chimen l ak plizyè randevou. Pami yo, KAA Gent te gen pou jwe ak Patro ki tonbe 5-0 fas yo. Nan moman rankont sa, Jean-Kévin Duverne te kite plas li depi nan 41èm minit swit ak yon blesi.
Ayè dimanch lan, an absans entènasyonal ayisyen an ki sibi blesi sa nan mitan semèn lan, klèb KAA Gent lan ki abitye jwe ak 3 defansè, te oblije chanje chema an 4-3-3. E ak yon sistèm ki parèt plis ofansif, Gent te reponn ak atant piblik la pandan li te eseye atake advèsè a plizyè fwa. Men sa pa rive abouti ak anyen akoz yo pa konkretize aksyon sa yo menm yon fwa.
Oud-Heverlee Leuven kote pa l, pa t kanpe pou kite vizitè yo jwe. Kòm repons ak chak atak, yo eseye reyaji nan bouskile klèb Gent lan ki pa rive reziste epi ankese 4 gòl nan men Chukwubuikem Ikwuemesi 32èm, Lukasz Lakomy 43èm, Roggerio Nyakossi 63èm ak Henok Teklab 80èm. Avèk sa, nou konprann nan ki nivo klèb Leuven lan te pi reyalis devan kan lè okazyon yo prezante.
Nan efektif KAA Gent lan, Max Dean ki te antre nan 46èm minit, rate yon penal nan 84èm epi fini rankont lan ak yon katon wouj li te pran nan 90èm +4. Kote pa Buffalos yo, se premye defèt yo anrejistre an absans Jean-Kévin Duverne ki jwe yon wol kle nan defans ekip la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou