AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Ayiti-Kostarika: pandan rete mwens ke yon semèn, Sébastien Migné poko pibliye lis li

imaj atik la

08 novanl 2025   Benswilkenson Jean   506

Seleksyon nasyonal la ap jwe kont Kostirika ak Nikaragwa semèn pwochèn, antrenè a poko janm mete lis jwè li ap konvoke yo deyò.


Federasyon ayisyèn ak Sébastien Migné poko fè okenn siy sou preparasyon 2 dènye match eliminatwa Mondyal 2026 la.

Aprè gwo wont Grenadye yo te pran kont Onndiras la 3-0 nan match retou a, tout espektatè te deja revòlte kont antrenè ekip la yo jije ki pa konn sa li ap fè a. Men bò kote seleksyon an se silans plat depi aprè gwo fo pa sa ki mete Ayiti nan yon sitiyasyon konplike pou konnen si yo ap prezan nan mondyal 2026 la.

Pandan tout seleksyon deja pibliye lis jwè yo konvoke yo, ni direksyon federasyon an ni antrenè seleksyon an, yo tout fè yon silans simetyè sou pwochen match yo ki ap jwe nan egzakteman yon semèn (13 ak 18 novanm).

N ap raple Ayiti bezwen 2 viktwa nan 2 match sa yo pandan l lap espere Onndiras fè yon fo pa pou yo kapab kalifye dirèk pou Mondyal la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou